Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 48:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pou koz pa M, pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji; paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Se poutèt mwen, poutèt mwen menm ase, mwen fè sa m fè a. Eske m ka kite yo derespekte non mwen? Mwen p'ap kite yon lòt resevwa lwanj ki pou mwen an!

参见章节 复制




Ezayi 48:11
23 交叉引用  

Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li, pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.


Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou, men pou Non Ou glwa bay, akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.


Pou koz a non Ou, O SENYÈ, padone inikite mwen, paske li anpil.


Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.


‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”


“Mwen se SENYÈ a. Sa se non Mwen. Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt, ni lwanj Mwen a imaj taye.


Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.


pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa; avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm, pou ou pa ta di: ‘Se zidòl mwen an ki te fè l; imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an ki te kòmande yo.’


Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta; pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou, pou m pa koupe retire ou nèt.


Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a, “konsi pèp Mwen an te retire san koz?” Ankò deklare SENYÈ a: “Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen, epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan, e non Mwen blasfeme tout lajounen,


Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.


Men Mwen te ralanti men M. Konsa, Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade devan zye a nasyon yo devan zye sila Mwen te fè yo sòti yo.


“Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo.


Konsa, nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a, lè Mwen fin regle avèk nou pou koz non Mwen, pa selon chemen mechan nou yo, ni selon zak konwonpi nou yo, O lakay Israël,” deklare Senyè BONDYE a.’”


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade nan zye a nasyon pami sila yo te rete yo, nan zye a sila Mwen te fè Mwen menm rekonèt a yo, lè M te fè yo sòti nan peyi Égypte la.


“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo.


Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, kite fas ou briye sou sanktiyè dezole Ou a.


Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.


Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”.


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.


跟着我们:

广告


广告