Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 48:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan; Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon, mwen te fè nou pase tray pou m wè kote nou ye.

参见章节 复制




Ezayi 48:10
18 交叉引用  

(Pwiske se pèp Ou yo ye, e eritaj ke Ou te mennen sòti an Égypte la, ki te soti nan mitan founo fè a).


Men Li konnen chemen ke m pran an. Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lo.


Anverite, gen yon min pou ajan e yon plas pou rafine lò.


Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.


Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.


Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò.


ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’


Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?


Mwen va fè retire pami nou, rebèl ak sila ki transgrese kont Mwen yo. Mwen va mennen yo sòti nan peyi kote yo demere a, men yo p ap antre nan peyi Israël. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


跟着我们:

广告


广告