Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 47:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin. Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. Travèse rivyè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Pran wòl moulen yo, al moulen farin! Wete vwal ki sou tèt ou a! Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo.

参见章节 复制




Ezayi 47:2
22 交叉引用  

Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te reponn: “Li se mèt mwen.” Konsa, fi a te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.


Epi Hanun te pran sèvitè David yo e te taye tout cheve yo, koupe vètman yo nan mitan jis rive nan kwis e te voye yo ale.


kite madanm mwen graje pou yon lòt e kite lòt yo vin kouche sou li.


Epi tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li a, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou.


Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba, e yon moun va leve ak son zwazo a, epi tout fi chanson yo va rete ba.


menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont.


Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”


miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.


Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.


“Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?” Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire e talon ou yo te vin ekspoze.


Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou, pou wont ou kapab vin vizib.


Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.


Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”


Jennonm yo te fòse travay devan moulen an e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.


sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.


Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; nan lawont ak toutouni ou. Moun Tsaanan p ap chape. Plenyen Beth-Haëtsel la: Li va retire sou ou tout soutyen li.


De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.


Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete.


Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li.


Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.


跟着我们:

广告


广告