Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 45:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon.

参见章节 复制




Ezayi 45:9
22 交叉引用  

Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil. Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?


Poukisa ou plenyen kont Li ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?


“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”


Gade byen, Li rache retire, se kilès ki ka anpeche L? Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?


Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.


Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a.


Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?”


Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’ Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”


Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.


Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.


Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël.


Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’”’


Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”


Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”


Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?


跟着我们:

广告


广告