Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 45:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël, sila ke M te chwazi a, Mwen te, anplis, rele ou pa non ou. Mwen te bay ou yon tit k ap respekte, malgre ou pa t rekonèt Mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pat konnen m lan.

参见章节 复制




Ezayi 45:4
18 交叉引用  

O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la, sila ke Li te chwazi yo!


menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo.


“Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an; Israël ke M te chwazi a.


Se Mwen menm ki di de Cyrus: ‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’ Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’ e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’”


Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.


“Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout.


Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon otèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.


Alò, Kisa? Sa ke Israël ap cheche a, sa a, li pa t twouve. Men sila yo ki te chwazi pa Bondye, te twouve l, e rès la te vin di nan kè.


Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël,


sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.


pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;


跟着我们:

广告


广告