Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 45:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Se mwen menm k'ap louvri chemen pou ou. M'ap fè mòn yo vin plat. M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo. M'ap kase ba fè yo de bout.

参见章节 复制




Ezayi 45:2
17 交叉引用  

Paske Li te kraze pòtay an bwonz yo, e te koupe ba fè yo.


Leve yon drapo sou mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo!


Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.


Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt.


Kite tout vale yo vin leve wo, e tout mòn ak kolin yo vin ba. Kite move teren an vin pla, e teren difisil yo vin yon vale ki swa.


Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.


Mwen te fè leve nan li ladwati e Mwen va fè wout li yo swa. Li va bati vil Mwen, e va kite egzile Mwen yo vin libere, pa pou pèyman oswa rekonpans,” pale SENYÈ dèzame yo.


Mwen menm, Mwen te pale. Anverite, Mwen te rele li. Mwen te mennen li, e Li va fè chemen li yo vin reyisi.


“Ale pale ak Hanania e di: ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou te kase jouk ki fèt an bwa yo, men ou fè rive olye de yo, jouk yo ki fèt an fè.”


Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Miray Babylone nan ki tèlman laj va vin demoli nèt. Wo pòtay li yo va pran dife. Donk, pèp yo va travay di pou ryen, e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”


‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a moun Mèd ak Pès yo.”


Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.


Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.


Chak vale va ranpli, E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. Kwochi yo a va vin drese, E move wout yo va vin swa.


Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:


跟着我们:

广告


广告