Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”
Konsa, bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la. Sila ki fè metal vin poli ak mato a ankouraje sila k ap bat fè a. Li di a sila k ap soude a: “Li bon”. Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.
Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe. Yon travay ki fèt sou chabon limen. Li fòme li ak mato, e travay li ak bra li ki fò. Anplis, li vin grangou e pèdi fòs; li pa bwè dlo e li vin fatige.