Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 41:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent; dènye pwent latè yo tranble. Yo rapwoche; yo rive.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Moun zile yo wè sa, yo pè. Moun nan dènye bout latè pran tranble, yo pwoche, yo vini.

参见章节 复制




Ezayi 41:5
12 交叉引用  

Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.


Sila ki rete jis nan dènye pwent latè yo kanpe byen etone a mèvèy Ou yo. Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.


Ou vizite tè a e fè li gen abondans. Ou anrichi li anpil. Flèv Bondye a plen ak dlo. Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l.


Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.


Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.


Lòt nasyon pèp yo te tande. Y ap tranble. Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.


“Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans e kite pèp yo renouvele fòs yo. Kite yo vin parèt pa devan, konsa, kite yo pale. Annou reyini ansanm pou fè jijman.


Chak moun ap ede vwazen li. Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”


Koulye a, peyi bò lanmè yo va tranble nan jou chit ou a. Wi, peyi kot ki bò lanmè yo va vin etone jiskaske yo tranble akoz ou vin disparèt.’


Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt.


Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.


跟着我们:

广告


广告