Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 41:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li; ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan koumansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Senyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.

参见章节 复制




Ezayi 41:4
26 交叉引用  

Men Ou menm, se menm jan an Ou ye. Ane pa Ou yo p ap janm fini.


Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye, e desandan pa yo va etabli devan Ou.”


Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?


Leve zye nou anlè, e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. Li rele yo tout pa non yo. Akoz grandè a pwisans Li ak fòs pouvwa Li, nanpwen youn nan yo ki manke.


pou yo ka wè, vin rekonèt, reflechi e ranmase bon konprann ansanm, ke men SENYÈ a te fè sa, ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.


Se kilès ki te deklare sa depi nan kòmansman an, pou nou ta ka konnen? Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”? San dout, pa t gen moun ki te deklare sa; san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa; san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo.


Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje, menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li.


Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye e Israël a piyajè yo? Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; ni yo pa t swiv lalwa Li.


“Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.


Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”


ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”


Koute Mwen, O Jacob, menm Israël ke M te rele a; Mwen se Li menm nan. Mwen se premye a. E Mwen se osi dènye a.


“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.


“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”


Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,


“Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”


“A zanj legliz Smyrne lan, ekri: Premye ak dènye a, ki te mouri an, e ki te retounen a lavi a, di sa a:


Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”


跟着我们:

广告


广告