Kilès ki te fè leve yon k ap soti nan lès? Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati la? Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt; li fè yo tankou pousyè ak nepe li, tankou pay k ap chase pa van devan banza li.
Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li; ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”