Ezayi 41:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo, men ou p ap jwenn yo. Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi se pa anyen e yo p ap egziste ankò. 参见章节1998 Haïtienne12 Moun ki t'ap fè nou lagè yo, n'a chache yo, nou p'ap wè yo. Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparèt, yo p'ap la ankò! 参见章节 |
Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rev—epi gade byen, l ap bwe, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye.