Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 40:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!

参见章节 复制




Ezayi 40:8
15 交叉引用  

Yo va andire jis pou tout tan. Yo fèt nan verite avèk ladwati.


“Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”


“‘Sa va sèvi kon sign pou nou’, SENYÈ a di: ‘ke Mwen va pini nou nan plas sa a, pou nou ka konnen ke pawòl Mwen va, anverite, kanpe kont nou pou malè nou.’


Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”


Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve.


Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase.


“Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje),


Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”


men pawòl Senyè a dire pou tout tan.” E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.


跟着我们:

广告


广告