Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 40:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, depi souf SENYÈ a soufle sou li. Anverite, pèp la se zèb.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Zèb la cheche, flè a fennen, lè Senyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!

参见章节 复制




Ezayi 40:7
15 交叉引用  

Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.


Pa souf Bondye, yo peri, e pa van chalè Li, yo fini nèt.


Souf li ka limen chabon, e flanm yo sòti nan bouch li.


Kè m fin frape tankou zèb. Li fennen nèt. Anverite, mwen bliye manje pen mwen.


Men pou lòm, jou li yo se tankou zèb. Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.


Depi van fin pase sou li, li pa la ankò e plas li a pa rekonèt li ankò.


Ou bale yo ale pandan y ap dòmi.


Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve. Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.


men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.


Akoz sa, moun ki te rete ladann yo te manke fòs. Yo te plen konfizyon ak wont. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki fennen avan li fin grandi.


Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen, apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a, Li sèlman soufle sou yo, e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


“Nou chache anpil, men gade byen, ti kras vin jwenn nou; lè nou te mennen l lakay nou, Mwen soufle sou li pou fè l ale. Poukisa?” deklare SENYÈ dèzame yo: “Akoz kay Mwen ki rete an movèz eta a, pandan nou tout ap byen okipe pwòp lakay nou.


e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.


Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.


跟着我们:

广告


广告