Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 40:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Kite tout vale yo vin leve wo, e tout mòn ak kolin yo vin ba. Kite move teren an vin pla, e teren difisil yo vin yon vale ki swa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se pou yo konble tout fon yo! Se pou tout gwo mòn yo, tout ti mòn yo, tout mòn apik yo vin plat. Se pou tout falèz yo vin bouche plat.

参见章节 复制




Ezayi 40:4
18 交叉引用  

Chemen a sila ki vin kwochi yo e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.


Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.


Glwa a SENYÈ a va vin parèt, e tout chè va wè sa ansanm; paske bouch a SENYÈ a fin pale.”


Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo; anplasman kote Kédar rete a. Kite sila ki rete nan Sela la chante anlè; kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.


“Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.


Mwen va fè tout mòn Mwen yo vin yon chemen, e gran chemen Mwen yo va vin leve wo.


Antre ladann, antre nan pòtay yo! Netwaye chemen an pou pèp la! Bati, bati chemen an! Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.


Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri. “‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’”


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Retire mouchwa sou tèt ou a, e retire kouwòn nan. Sa p ap menm ankò. Leve sa ki ba e bese sa ki wo.


‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”


“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”


Chak vale va ranpli, E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. Kwochi yo a va vin drese, E move wout yo va vin swa.


Li leve malere sòti nan pousyè. Li leve sila ki nan bezwen an soti nan pil sann nan, pou yo chita avèk prens yo, e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. Li te plase lemond sou yo.


跟着我们:

广告


广告