Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 40:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans. Se bra L k ap kòmande pou Li. Gade byen salè Li avè L, e rekonpans li devan L.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Men Senyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouray li. Li pral pran pouvwa a nan men l. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l. Y'ap mache devan l! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.

参见章节 复制




Ezayi 40:10
32 交叉引用  

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”


Li va jije pami nasyon yo. Li fè gwo pil kadav yo, Li va brize tèt a chèf tout latè a.


Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.


Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li.


O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou. Sèvi kon fòs pa nou chak maten, delivrans pa nou nan tan gwo twoub.


Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven. Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite; sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a, e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”


Ladwati Mwen toupre a. Sali Mwen te voye deyò. Se bra M kap jije pèp yo. Peyi kot yo va tann Mwen, e bra M va jije pèp yo.


Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.


Wi, verite a manke; epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la, fin fè pwòp tèt li yon viktim. Alò, SENYÈ a te wè e sa pa t fè plezi devan zye L, ke pa t gen jistis.


Li te wè ke pa t gen pèsòn, e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede. Akoz sa a, pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li, e ladwati Li te bay Li soutyen.


Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo: jijman ak kòlè a advèsè Li yo, rekonpans a lènmi Li yo; a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.


Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a: “Di a fi Sion an: ‘Men sali ou a rive! Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”


Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede; Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen. Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen e kòlè Mwen te fè M kanpe.


Konsa pale SENYÈ a: “Anpeche vwa ou k ap kriye, ak zye ou ap fè dlo; paske travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a: “Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.


“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”


“Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”


Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la;


Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.


Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.


Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.


“Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.


跟着我们:

广告


广告