Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 40:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Cheche dlo nou! Wi, cheche dlo nan je nou! Se Bondye nou an menm ki di sa.

参见章节 复制




Ezayi 40:1
29 交叉引用  

Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”


Ou te retire tout gran kòlè Ou. Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.


Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.


Yon tan pou kriye e yon tan pou ri; yon tan pou fè dèy e yon tan pou danse.


Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò.


Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo, paske yo va manje fwi a zèv yo.


Mwen se premye pou di a Sion: ‘Men vwala, men yo la;’ epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon mesaje bòn nouvèl’.


Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.


Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo, paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li te rachte Jérusalem.


“Leve, briye; paske limyè ou fin parèt e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.


pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris,


Konsa, Mwen va kalme gwo chalè kòlè Mwen an kont ou. Jalouzi Mwen va kite ou, Mwen va vin satisfè e Mwen p ap fache ankò.


SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.


“Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.


Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.


跟着我们:

广告


广告