Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Va gen abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l pou loray ak lapli pa fè l anyen.

参见章节 复制




Ezayi 4:6
17 交叉引用  

Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.


Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont van tanpèt la, kont move tan an.


Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.


Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.


SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.


Gade byen, yon wa va renye ak ladwati e prens yo va renye ak jistis.


Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.


Li va devni yon sanktiyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo.


“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.


“Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè;


跟着我们:

广告


广告