Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 39:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?” Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon peyi lwen, Babylone.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l: — Kote mesye sa yo sòti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: — Yo sòti nan yon peyi byen lwen, yo sòti nan peyi Babilòn.

参见章节 复制




Ezayi 39:3
15 交叉引用  

Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv.


Nan lè sa a, Hanani, konseye a te vin kote Asa, wa Juda a. Li te di li: “Akoz ou te depann de wa Syrie a e ou pa t depann de SENYÈ a, Bondye ou a, pou sa, lame wa Syrie a gen tan chape nan men ou.


Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”


Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”


“Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou.


Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?” Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”


“Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon peyi lwen! Yo leve vwa yo kontra vil Juda yo.


Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di.


Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an soti nan yon peyi byen lwen: “Èske SENYÈ a pa nan Sion? Èske wa li a pa nan li?” “Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo; ak zidòl etranje yo?”


“SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann,


Yo te ale kote Josué nan kan an nan Guilgal, e yo te di a li menm avèk mesye Israël yo: “Nou sòti nan yon peyi byen lwen. Konsa, fè yon akò avèk nou.”


Yo te di li: “Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo,


跟着我们:

广告


广告