Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 39:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Ézéchias te kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Ezekyas tte kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès lajan, lò, epis, boutèy losyon, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo li yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.

参见章节 复制




Ezayi 39:2
18 交叉引用  

Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.


anplis de sa ki te sòti nan machann avèk byen a tout komèsan yo, tout wa pami Arab yo avèk gouvènè nan chak peyi yo.


Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.


Chak moun te pote kado li, afè an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval avèk milèt, an gran kantite ane pa ane.


Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.


Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem.


Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè,


Men nan afè mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l.


Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.


Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te kon gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an.


Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran, e akoz men m te tèlman ranmase anpil;


Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.


Anverite, nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche.


Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?


Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.


Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou.


跟着我们:

广告


广告