Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 38:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 — Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l pou mwen, men sa Senyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò.

参见章节 复制




Ezayi 38:5
29 交叉引用  

Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.


Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’


Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo.


Li te gen venn-senkan lè l te devni wa e li te renye pandan vent-nèf ane Jérusalem. Non manman li se te Abi, fi a Zacharie a.


Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”


Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.


Konsi fòs jou li yo avèk Ou, fòs mwa li yo avèk Ou. Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.


Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.


Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.


Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.


Ou te byen konte tout egare mwen fè. Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou. Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?


SENYÈ a te tande demand priyè mwen. SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.


Yon tan pou touye e yon tan pou geri; yon tan pou demoli e yon tan pou bati.


Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Akoz nou te priye a Mwen menm sou Sanchérib, wa Assyrie a,


Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l:


Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.


‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”


Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.


Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’


Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.


paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”


跟着我们:

广告


广告