Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”
Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
“Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.