Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 38:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Tankou tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen. Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m. L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la. Soti lajounen rive nan lannwit, Ou va fè yon fen ak mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Tankou yon ti kay jaden, yo rache m, yo demoli m pote m ale. Yo koupe lavi m tankou yo koupe fil nan metye moun k'ap tise twal yo. Sòti nan maten rive aswè, m'ap deperi.

参见章节 复制




Ezayi 38:12
20 交叉引用  

Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.


“Lespri m fin kase. Jou m yo etenn; tonbo a pare pou mwen.


Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; san yo pa wè anyen, yo peri nèt.


Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!


Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.


Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen, Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.


Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen: “Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”. Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m te kriye a Ou menm.


Paske mwen te twouble tout lajounen e te resevwa chatiman chak maten.


Ou bale yo ale pandan y ap dòmi.


Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl nan yon chan rezen, tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb, tankou yon vil ki anba syèj.


Li p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la.


Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.


Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.


Epi tankou yon manto, Ou va woule yo, fè woulo nèt. Tankou vètman, yo va vin chanje, men Ou rete menm jan an. Lane pa Ou yo p ap fini.”


Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.


跟着我们:

广告


广告