Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 37:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: — Jodi a se yon jou malè pou nou! Bondye ap pini nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki kaselèzo deja, men ki pa gen fòs pou pouse pitit la.

参见章节 复制




Ezayi 37:3
20 交叉引用  

Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l.


Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li.


Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”


Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.


pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba, tankou nan jou a Massa nan dezè yo,


Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan.


Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.


O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.


Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a.


O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou. Sèvi kon fòs pa nou chak maten, delivrans pa nou nan tan gwo twoub.


“Avan fi a gen doulè, li te anfante; avan gwo doulè a te rive li, li te fè yon gason.


Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an, pou mwen pa livre pitit la?” pale SENYÈ a. “Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a, ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.


Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li. Li se lè a gwo doulè Jacob la; men li va sove de li.


Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li; se pa yon fis ki saj, k ap rete nan vant ki ouvri e k ap tann li soti a.


Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”


Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la; Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


跟着我们:

广告


广告