Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 34:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, mò yo va jete deyò. Kadav yo va fè movèz odè, e mòn yo va tranpe ak san yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san.

参见章节 复制




Ezayi 34:3
20 交叉引用  

Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje.


Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès.


“Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”


Li va antere ak antèman bourik, trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”


Sila ki touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.


“Oswa, si M ta voye yon gwo grangou kont peyi sa, e vide kòlè Mwen an san sou li, pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann—


Mwen va kite ou sou latè. Mwen va jete ou sou chan ouvri, epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou. Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.


Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou.


Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.


“‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladan. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.


Ou va tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje a tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan.


Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. Konsa, sant pouriti li a va vin leve. Movèz odè li va vin monte, paske se gwo bagay li te konn fè.”


“Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan ou monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo!


Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.


跟着我们:

广告


广告