Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 32:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske moun fou a pale foli, e kè li apiye vè mechanste: pou fè sa ki kont Bondye e pale mal kont SENYÈ a, pou kenbe moun grangou a san satisfè, e pou anpeche moun swaf la bwè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè.

参见章节 复制




Ezayi 32:6
33 交叉引用  

Pa mennen kè m vè okenn mal, pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo. Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.


Foli a yon nonm fè chemen l gate; e kè li anraje kont SENYÈ a.


Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.


pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e pou yo ka piyaje òfelen yo.


Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari.


Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.


Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an, e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.


Men anplis, Li saj; Li va mennen dezas; Li p ap retire pawòl Li menm; men Li va leve kont kay malfektè yo, ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.


Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.


Pye pa yo kouri vè mal, e yo fè vit pou vèse san inosan an. Panse pa yo se panse inikite, e destriksyon ak dega sou chemen yo.


Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje.


Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, oswa leyopa a takte li yo? Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, ta ka chanje 1 pou vin fè byen.


Èske se yon bagay ki twò piti pou nou, pou nou ta manje nan bon patiraj, pou nou oblije foule anba pye nou rès patiraj nou yo? Oswa pou ou ta bwè nan dlo ki pwòp yo, pou ou oblije foule tout lòt yo ak pye nou?


Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.


pou achte sila ki san sekou a pou lajan, ak malere a pou de grenn sapat. Menm balizaj ble a n ap vann!’”


“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.


“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.


Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.


跟着我们:

广告


广告