Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa, malè ap tonbe sou yo. Se yo menm k'ap rale li sou tèt yo.

参见章节 复制




Ezayi 3:9
30 交叉引用  

Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.


Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.”


men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.


Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.


Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”


Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.


Gen yon kalite—O, jan zye li leve wo, e pòpyè zye li leve ak awogans.


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf Sodome yo; bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a, nou menm pèp Gomorrhe.


Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye, mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, mache ak ti pa kout pou atire zye gason, e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.


Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse. Li p ap ka kalme, e dlo yo rale fè monte fatra ak labou.


Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou, e peche nou yo temwaye kont nou. Paske transgresyon nou yo rete avèk nou e nou konnen inikite nou yo:


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.


Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.


Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.


Kouwòn nan soti sou tèt nou; malè a nou menm, paske nou te peche!


“‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon pwostitiye ki san wont.


“‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo.


Lè li te wè yo, li te fè gwo anvi lachè dèyè yo, e te voye mesaje kote yo Chaldée.


epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi djanam nan aparans ke parèy li yo.


Se destriksyon pa w, O Israël! Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.


Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. Anplis, Juda va tonbe avèk yo.


Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.


Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.


Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.” Epi Agag te vin kote li avèk kè kontan. Akoz Agag t ap di: “Asireman gou anmè lanmò a gen tan pase.”


跟着我们:

广告


广告