Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 27:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Èske Li te frape yo, jan li te frape sa yo ki frape yo? Oswa èske se tankou masak Sila ki touye yo a, Li te touye yo?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Eske Senyè a te pini yo tankou li te pini moun ki t'ap pini yo a? Eske li te touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t'ap touye yo a?

参见章节 复制




Ezayi 27:7
17 交叉引用  

Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li.


Limyè Israël la va devni yon dife; Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou.


Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.


Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.


Paske ak vwa SENYÈ a, Assyrie va vin etone nèt. L ap vin frape ak baton.


Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm, e nepe a ki pa pou lòm va devore l. Pou sa, li p ap chape anba nepe a, e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve.


“Wòch li va disparèt akoz panik, e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, deklare SENYÈ a, Sila ki gen dife Li nan Sion an, ak founo nan Jérusalem nan.


“Tankou lè Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo,” deklare SENYÈ a: “Nanpwen moun k ap viv la, ni fis a lòm k ap rete ladann.


“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.


SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: “P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.”


Nanpwen ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?


跟着我们:

广告


广告