Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 26:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Senyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.

参见章节 复制




Ezayi 26:16
23 交叉引用  

Mwen vide plent mwen yo devan L. Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.


Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ, se li mwen va chache.”


Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”


Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.


Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li. Yo te retounen chache Li ak dilijans.


Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.


Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo.


kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’


Nou menm k ap viv Liban, ki fè nich ak bwa sèd yo, nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou; doulè tankou yon fanm k ap akouche a!


Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.


Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.


Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”


Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.


Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.”


Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告