Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 24:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Senyè a fin pale, se sa ki pou rive.

参见章节 复制




Ezayi 24:3
16 交叉引用  

Sa te fèt pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a jiskaske swasann-dizan an te fin pase.


epi retay sòlda banza yo, mesye pwisan a, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”


“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”


Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann.


Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.


Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt.


Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje. Yo tout kole nan kav yo oswa kache nan prizon yo. Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo; yon piyaj san okenn moun ki pou di: “Restore yo!”


Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.


Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?” Li te reponn: “Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo, kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,


Koute e prete atansyon ak sa. Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.


Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo,


Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”


Men yo va fè chak moun chita anba chan rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. Pèsòn p ap fè yo pè: paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.


Tout teritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li.


SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”


跟着我们:

广告


广告