Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 24:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.

参见章节 复制




Ezayi 24:12
12 交叉引用  

Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.


Paske palè a vin vid, e gran vil plen moun yo vin abandone. Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, yon plezi pou bourik mawon, yon patiraj pou bann mouton yo;


Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.


“Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.


“Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi, yon kote abandone pou chen mawon. Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt, san pèsòn pou rete ladan.”


A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!


Chemen Sion yo ap fè dèy; pèsòn pa rive nan fèt li yo. Tout pòtay li yo vin dezole. Prèt li yo ap plenn nan gòj, vyèj li yo vin aflije, e li menm, li vin anmè.


Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.


Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt, rena yo fè patwouj ladann.


Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon, akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, rive nan pòtay Jérusalem nan.


Paske blesi li a p ap ka geri; paske li fin rive nan Juda. Li rive nan pòtay a pèp mwen an, menm Jérusalem.


Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.


跟着我们:

广告


广告