Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a.
Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati.
Paske palè a vin vid, e gran vil plen moun yo vin abandone. Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, yon plezi pou bourik mawon, yon patiraj pou bann mouton yo;
Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
Konsa yo te kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a.
Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.
Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.