Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 23:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.

参见章节 复制




Ezayi 23:9
29 交叉引用  

Li vide mepriz sou prens yo, e lache senti a pwisan yo.


Li vide wont sou prens yo e fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.


Epi krapo yo va monte sou ou menm, avèk pèp ou a, avèk sèvitè ou yo.’”


Gade byen, SENYÈ a, BONDYE dèzame yo va koupe tout branch yo ak yon gran bri. Sa osi ki gen gran tay va koupe nèt e sila a gran wotè yo va vin bese nèt.


Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.


SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe!


Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo.


Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”


Ògèy a lòm va vin bese e wotè a lòm va vin imilye. E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.


Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan; nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.


Ògèy a lòm va vin imilye e wotè a lòm va vin desann. Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.


Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò.


Anplispou peyi a pèp mwen an, kote pikan ak raje va pouse monte; wi pou tout kay plen ak jwa yo ak gran vil kè kontan yo.


Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz mank konesans yo; epi mesye ki gen onè yo rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.


Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.


Epi di: ‘Ou menm, O SENYÈ! Ou te pwomèt, konsènan plas sa a pou koupe retire l nèt, pou pa menm gen anyen ki rete ladann, ni lòm, ni bèt, men li va yon kote dezole jis pou tout tan’.


Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.


Gade byen, Mwen va fè ou vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil.


“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.


pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.


nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,


Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.


Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”


跟着我们:

广告


广告