Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 23:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Se lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa?

参见章节 复制




Ezayi 23:8
11 交叉引用  

Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo?


Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou depann de Égypte pou cha ak chevalye?


Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo.


Ou fin ogmante machann ou yo plis pase zetwal syèl yo— krikèt volan ravaje, epi, konsa, li vole ale.


Paske Tyr te bati pou kont li yon fò; li te fè depo ajan tankou pousyè, ak depo lò tankou labou nan lari.


Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò. “Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a.


Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.


跟着我们:

广告


广告