Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 21:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Gadyen nan rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Gad la rele byen fò: — Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m ye a. M'ap veye tout lannwit.

参见章节 复制




Ezayi 21:8
12 交叉引用  

Lè Juda te rive nan wotè sou dezè a, yo te gade vè gwo foul la, epi vwala, te gen kadav ki te kouche atè a. Okenn pa t chape.


Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.


Lè m sonje Ou sou kabann mwen, mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.


Kri gwonde li tankou yon lyon e vwa li tankou jèn lyon; li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.


Gadyen Li yo avèg. Tout nan yo san konprann. Se chen bèbè ki pa ka jape; moun k ap kouche fè rèv, ki renmen somèy.


Sou miray ou yo, O Jérusalem, Mwen te plase gadyen yo. Tout lajounen ak tout lannwit, yo p ap janm rete an silans. Nou menm ki raple SENYÈ a, pa pran repo pou tèt nou;


Li soti nan kote kachèt Li yo kon lyon an, paske peyi yo te devni yon gwo laperèz akoz gwo vyolans nepe k ap oprime, e akoz gwo raj a kòlè Li.


Yon lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo.


“Gade byen, youn va monte kon yon lyon ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki tèlman byen wouze; pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li e nenpòt moun ki deziye, Mwen va bay li pouvwa sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen menm? E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen? Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”


Gade byen, youn va monte kon yon lyon soti nan rakbwa Jourdain an, rive nan yon abitasyon byen fò; paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li. Epi nenpòt moun ki chwazi, Mwen va dezinye l mete sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen? E se kilès k ap fè m tan lè M? Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”


Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.


跟着我们:

广告


广告