Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 21:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Mwen reponn: — Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande.

参见章节 复制




Ezayi 21:12
16 交叉引用  

Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.


Pwofesi konsènan Edom an. Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?”


Pwofesi konsènan Arabie a. Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo.


Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.


Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.


Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’


“‘Gade jou a! Gade l byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt. Baton an fin boujonnen. Ògèy la fin fleri.


Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo.


Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”—


跟着我们:

广告


广告