Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 2:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit, zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, ke yo te fè pou yo menm ta adore,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè ak lajan, ak lò pou adore yo, y'a voye yo jete bay rat ak chòchòt.

参见章节 复制




Ezayi 2:20
17 交叉引用  

Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan.


Yon tan pou chache e yon tan pou pèdi. Yon tan pou konsève, e yon tan pou jete.


Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?


Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo.


Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”


Paske nan jou sa a, tout moun va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo, ke men plen peche nou yo te fè pou nou.


Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l, ak òfèv ki kouvri l ak lò e fè chenn li an ajan,


Bel vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo kon pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige.


Kèk kon vide lò ki sòti nan bous, oswa peze ajan sou balans. Anplwaye yon òfèv, e l ap fè l vin tounen yon dye. Yo pwostène— e anverite, yo adore l.


“Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Repanti, vire kite zidòl nou yo, e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.”’”


Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.


Yo va jete ajan yo nan lari, e lò yo va vin yon bagay repinyans. Lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske se li ki te fè yo chite.


O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl? Se Mwen menm ki okipe l; Mwen tankou yon pye siprè byen vèt; nan Mwen, tout fwi ou sòti.”


sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.


SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.


Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’


跟着我们:

广告


广告