Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pawòl ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòt, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm:

参见章节 复制




Ezayi 2:1
8 交叉引用  

Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.


Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.


Pwofesi konsènan Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.


Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an.


Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.


Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo va kouri kon dlo pou rive kote l.


Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. “Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.


Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè.


跟着我们:

广告


广告