Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 19:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò.

参见章节 复制




Ezayi 19:3
28 交叉引用  

Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”


Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.


Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”


Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,


Yo te gaye, bite tankou moun sou. Yo te fin about nèt.


SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo. Li anile pwojè a pèp yo.


Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”


Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.


Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.


ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;


Kanpe fèm nan tout maji ak wanga ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo. Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.


Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; paske lespri a ta vin fèb devan M, ak nanm a sila ke M te fè yo.


Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo?


Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène? Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.


Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”


Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.


Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.


Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a.


Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.”


Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch.


跟着我们:

广告


广告