Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 18:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an.

参见章节 复制




Ezayi 18:3
20 交叉引用  

Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.


Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.


Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.


Leve yon drapo sou mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo!


Yon bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay.


O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.


“Wòch li va disparèt akoz panik, e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, deklare SENYÈ a, Sila ki gen dife Li nan Sion an, ak founo nan Jérusalem nan.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo. Yo va mennen fis ou yo nan sen yo, e fi nou yo va pote sou zepòl yo.


Konsa, Li va leve yon drapo a yon nasyon byen lwen e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè; epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.


Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo.


O latè, latè, latè, tande pawòl SENYÈ a!


“Leve yon sinyal nan peyi a, soufle yon twonpèt pami nasyon yo! Konsakre nasyon yo kont li! Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo! Chwazi yon gwo chèf kont li; leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.


Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.


Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.


Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. “Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.


Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.


“Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande.


Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”


跟着我们:

广告


广告