Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 17:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Lè jou sa a va rive, moun pral kouri kite tout lavil kote yo te konn al chache pwoteksyon yo. Se va tankou lè moun Ivi yo ak moun Amon yo te kouri kite tout lavil yo devan pèp Izrayèl la. Lavil yo pral tounen savann.

参见章节 复制




Ezayi 17:9
16 交叉引用  

Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo.


Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo.


Paske vil fòtifye a vin sèl, yon anplasman kay ki dezole e ki vin bliye tankou dezè. Jenn bèf la va manje la, li va kouche e manje sou branch li yo.


Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an e tout fòterès nou yo va detwi, tankou Schalman te detwi Beth-Arbel nan jou batay la, lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo.


Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”


“Anplis, Mwen va koupe retire vil nan peyi nou yo, e mwen va jete tout miray fòterès nou yo.


Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”


Malgre, latè va vin dezole akoz sila k ap viv ladann yo, akoz fwi a zak yo.


跟着我们:

广告


广告