Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 17:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Nan jou sa a, lòm va gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la.

参见章节 复制




Ezayi 17:7
21 交叉引用  

Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo; menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.


Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.


Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.


SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.


Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.


Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”


Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.


Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.


Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.


Men pou mwen menm, mwen va gade vè SENYÈ a. Mwen va tann Bondye a sali mwen an. Bondye mwen an va koute mwen.


跟着我们:

广告


广告