Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 17:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Sepandan, kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.

参见章节 复制




Ezayi 17:6
16 交叉引用  

Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”


Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.


Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive.


Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo.


Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt.


Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”


Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès?


Malè a mwen menm! Anverite, mwen tankou moun k ap ranmase fwi gran sezon, k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. Pa gen grap rezen pou manje, ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.


Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a: “Sila k ap delivre a va sòti de Sion. Li va retire enkwayans a Jacob.”


Ésaïe te kriye fò pou Israël: “Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.


SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo.


Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a?


跟着我们:

广告


广告