Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 17:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini.

参见章节 复制




Ezayi 17:11
18 交叉引用  

Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.


Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve. Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.


Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo.


Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?


Paske yo simen van, e yo rekòlte toubiyon.


Éphraïm vin frape. Rasin yo vin sèch. Yo p ap bay fwi. Menm si yo ka fè pitit, Mwen va touye fwi byeneme a vant yo a.


Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo. Depo yo vin abandone. Kay depo yo fin demoli nèt, paske sereyal la vin sispann nèt.


Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi.


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Nou va plante e kiltive chan rezen yo, men nou p ap bwè diven, ni ranmase fwi yo, paske vè va devore yo.


跟着我们:

广告


广告