Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 16:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.

参见章节 复制




Ezayi 16:2
14 交叉引用  

Alò, Mesha, wa Moab la te yon mèt ki fò nan pran swen mouton. Li te konn peye wa Israël la avèk lenn a san-mil jenn mouton ansanm avèk lenn san-mil belye.


Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.


Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.


Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo.


Moab fin fè wont nèt, paske li fin kraze nèt. Fè gwo kri, rele anmwey! Deklare akote Rivyè Arnon an ke Moab te fin detwi.


Malè pou ou, Moab! Pèp Kemosch la fin peri; paske fis nou yo vin prizonye e fi nou yo ale an kaptivite.


Bay zèl a Moab, paske li va sove ale; epi vil pa li yo va vin yon dezè, san moun ki pou rete ladan yo.


Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.


“Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.


“Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo.


“Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an.


Teritwa pa yo te soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a;


Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.


跟着我们:

广告


广告