Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 16:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Moun peyi Mowab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen.

参见章节 复制




Ezayi 16:12
24 交叉引用  

Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo.


Lè midi te fin pase, yo te anraje jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.


Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo?


Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi lan. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.


Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn. Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,


Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.


Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab.


O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.


Li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc, dye pa li a, ke Adrammélec ak Scharetser, fis li yo, te touye li ak nepe e yo te chape antre nan peyi Ararat. Konsa, Ésar-Haddon, fis li a, te renye nan plas li.


Ou vin fatige ak tout konsèyè yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.


Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”


Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.


M ap fè Moab fini nèt”, deklare SENYÈ a: “Sila ki ofri sakrifis sou wo plas yo e sila ki brile lansan a dye li yo.


Malè pou ou, Moab! Pèp Kemosch la fin peri; paske fis nou yo vin prizonye e fi nou yo ale an kaptivite.


Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.


Paske yon dife te sòti nan Hesbon, Yon flanm soti nan vil a Sihon; Li te devore Ar nan Moab, Pwent wo yo domine Arnon


Epi Balaam te sòti avèk Balak e yo te vini Kirjath-Hutsoth,


Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, yon pati nan pèp Israël yo.


Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.


Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.


Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.


跟着我们:

广告


广告