Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.
Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole.
Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj; men nanpwen ki pou konsole m. Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan. Yo kontan Ou te fè sa. O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a, pou yo ka vin tankou mwen.