Ezayi 14:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo. 参见章节1998 Haïtienne2 Anpil lòt nasyon va ede yo tounen nan peyi Bondye te ba yo a. Moun pèp Izrayèl yo menm va pran yo ak yo nan peyi Bondye te ba yo a. Y'a fè yo sèvi domestik ak sèvant. Moun ki te fè pèp la prizonye, se yo ki pral tounen prizonye pèp la. Pèp Izrayèl la pral donminen sou moun ki t'ap peze yo anba pye yo. 参见章节 |
Nan lè sa a, yon kado omaj ki sòti nan yon pèp wo e swa va pote bay SENYÈ dèzame yo. Li va soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre, ak sila ki lwen yo; yon nasyon pwisan ki fè kalkil, ki oprime tout moun, yon peyi ke rivyè yo divize a. L ap rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an.
Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. Yo va pou ou. Yo va mache dèyè w. Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; yo va fè siplikasyon a ou menm. ‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt. Nanpwen lòt Bondye’”