Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 13:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann.

参见章节 复制




Ezayi 13:14
13 交叉引用  

Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”


Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan lè solèy kouche a. Yo te di: “Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l.”


Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.


Paske yo te sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la.


Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen: Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo va mache egare nan chemen pa yo; nanpwen moun ki pou ta sove ou.


“Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan.


Koupe retire kiltivatè Babylone nan; ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la. Akoz krent nepe opresè a, yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo, e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.


“Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.


Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo.


Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.


Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.


Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.


跟着我们:

广告


广告