Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 L'a pran plezi l pou l obeyi Senyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l pou l rann jijman.

参见章节 复制




Ezayi 11:3
20 交叉引用  

Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’”


Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.”


Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.


Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”


Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a?


Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo, jan bouch la goute manje a.


nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a, e dekouvri konesans Bondye a.


Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis, e menm egalite avèk tout bon chemen yo.


Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.


Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”


Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha pou laboure latè yo, ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e p ap aprann fè lagè ankò.


Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.


Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.


“Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”


Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.


Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”


跟着我们:

广告


广告