Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Èske Calno pa tankou Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.

参见章节 复制




Ezayi 10:9
23 交叉引用  

Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.


Alò lè Thoï, wa a Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a.


Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.


Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo.


Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m?


Kilès ki te gen pami tout dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo pa t detwi nèt, ki ta kapab delivre pèp li a sòti nan men m pou Dye pa w la ta kapab delivre ou soti nan men m?


Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li.


Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo?


Pwofesi sou Damas. “Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon gwo pil mazi.


Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.


Gran chemen yo rete vid. Moun ki vwayaje yo sispann. Li te kase akò a. Li te meprize vil yo. Li pa respekte pèsòn.


Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te delivre Samarie nan men m?”


Gade byen, ou te tande sa ke wa Assyrie yo te fè a tout peyi yo, ke yo te detwi yo nèt. Konsa, èske ou va chape?


Kote wa Hamath la, wa Arpad la, ak wa nan vil a Sepharvaïm lan, Héna, ak Ivva?’”


Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò),


Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.


Konsènan Damas. “Hamath ak Arpad fè wont nèt, paske yo te resevwa move nouvèl. Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt. Gen enkyetid bò lanmè a; li pa ka kalme.


Hamath, Bérotha, Sibraïm, ki antre lizyè Damas ak lizyè Hamath; Hatzer-Hatthicon, kote lizyè Havran nan.


Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo.


Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad.


跟着我们:

广告


广告